Pwojè Èd Jiridik ak Degèpisman pandan COVID la te fonde pou elaji kapasite òganizasyon èd jiridik nan eta Massachusetts, ansanm ak avoka benevòl yo, pou yo bay yon èd jiridik ki vreman esansyèl nan dosye degèpisman ki gen rapò ak kontèks COVID la.
CELHP pral bay referans, enfòmasyon jiridik, èd ak reprezantasyon legal nan Tribinal Lòjman, epi kote kapasite a pèmèt sa, nan Tribinal Distri yo epi pou lokatè ki riske pèdi kay leta sibvansyone pou yo a. Objektif reprezantasyon an se pou rive atenn yon estabilite nan matyè lòjman.
Kiyès k ap Bay Èd ?
Pou Lokatè :
Se sis pwogram èd jiridik rejyonal sa yo ki pral ede lokatè ki pa touche anpil kòb k ap viv nan zòn sèvis jewografik pwogram sa a. Pou jwenn pwogram ki sèvi zòn pa w la, klike isit.
- Community Legal Aid (Konte Berkshire, Franklin, Hampden, Hampshire ak Worcester)
- De Novo (Cambridge ak Somerville)
- Greater Boston Legal Services (Rejyon Boston ak Pati Lès Massachusetts)
- MetroWest Legal Services (Framingham, rejyon Metro West la ak pati sid Konte Norfolk)
- Northeast Legal Aid (Konte Essex ak pati Nò Konte Middlesex Counties – pati nòdès Massachusetts)
- South Coastal Counties Legal Services (Konte Barnstable, Bristol, Dukes, Nantucket ak Plymouth ansanm ak vil Avon ak Stoughton)
Pou Pwopriyetè-okipan :
Volunteer Lawyers Project la ap bay yon èd jiridik pou pwopriyetè-okipan ki pa touche anpil lajan, k ap viv nan kay ki gen 2 oswa 3 apatman ladan yo.
Patnè
Nan mitan mwa Oktòb 2020, Eta a te angajeMassachusetts Legal Assistance Corporation (MLAC) pou jere yon sistèm livrezon sèvis jiridik ki kowòdone nan tout eta a pou livre èd jiridik gratis bay lokatè ki elijib selon kantite lajan yo touche epi k ap fè fas ak yon degèpisman akòz COVID-19, ansanm ak pwopriyetè-okipan ki elijib selon kantite kòb yo touche a, epi k ap viv nan kay ki gen 2 ou 3 apatman ladan yo. MLAC ap fè patenarya avèk Massachusetts Law Reform Institute pou egzekite pati sèvis jiridik la epi ak Volunteer Lawyers Project pou egzekite pati sèvis benevòl yo pou lokatè ak pwopriyetè-okipan.
CELHP fè pati Inisyativ pou Evite Degèpisman nan Massachusetts.