Itilize enfòmasyon sa a pou pran aksyon epi pou jwenn èd ke w bezwen pou yo pa mete w deyò nan kay ou.
Èske gen yon entèdiksyon nasyonal kont degèpisman ?
Le 26 out, Kou Kasasyon Etazini an te mete yon fen ak anilasyon tanporè degèpisman ke U.S. Centers for Disease Control (CDC) te deklare a.
Si w resevwa yon avi degèpisman, ou pa oblije kite kay la. Se sèlman yon lòd tribinal ki ka egzije w sòti lakay ou. Fè yon demann pou èd lwaye ak èd jiridik.
Kisa m kapab fè si pwopriyetè mwen an ban m yon Avi pou Kite ?
Ou pa oblije sòti nan kay la. Yon Avi pou Kite deklare ke w dwe kite apatman w lan anvan yon dat byen detèminen, men w pa oblije kite kay la anvan dat ki ekri sou avi a reyèlman. Apre dat sa fin pase, si pwopriyetè w la vle mete w deyò, li oblije ale nan tribinal avè w. Li ilegal pou yon pwopriyetè mete w deyò nan kay la san ke l pa ale nan tribinal avè w anvan.
Èske pwopriyetè mwen an te voye bon fòmilè a ban mwen ansanm ak Avi pou Kite a ?
Si mèt kay ou ap mete w deyò paske w pa t peye kòb lwaye a, mèt kay la dwe voye yon fòmilè espesyal ba w ansanm ak Avi pou Kite a Se fòmilè sa a ki di w ki èd ou ka jwenn pou frennen yon pwosesis degèpisman.
Si mèt kay ou pa ba w fòmilè sa a, li pa gen dwa depoze okenn pwosè tribinal pou yon degèpisman pou kòb lwaye ki pa peye. Ou gen dwa kapab jwenn èd pou kanpe degèpisman an.
Kisa m kapab fè si mwen jwenn yon "Asinyasyon ak Plent" nan men pwopriyetè mwen an ?
Pa inyore l. Ou pa oblije sòti nan kay la. Yon Asinyasyon ak Plent vle di pwopriyetè vle di pwopriyetè w la ap eseye mennen w nan tribinal la pou mete w deyò nan kay la.
Yon fwa w resevwa yon Avi pou Parèt ak yon Plent, se pou w fanpli fòmilè sa a. Apre sa, depoze l ak tribinal la epi voye yon kopi bay pwopriyetè w oswa avoka pwopriyetè w la. Se fòmilè sa a ki pral ede w asire w ke tribinal la okouran de dosye a selon pwendevi pa w.
Kisa m dwe fè si pwopriyetè mwen an fèmen m deyò apatman mwen an ?
Pwopriyetè w ap vyole lalwa si yo retire zafè ou yo nan apatman an, chanje seri yo, fèmen sèvis minisipal yo, oswa anpeche w itilize apatman an nan nenpòt ki fason. Aprann plis konsènan dwa w yo.
Kisa m kapab fè si gen movèz kondisyon nan apatman mwen an ?
Nan eta Massachusetts, kòd sanitè leta a bay lokatè dwa pou yo jwenn yon lòjman ki nan bon kondisyon. Li enpòtan pou dokimante ki pwoblèm ki genyen, kidonk fè foto epi mete pwopriyetè w la okouran de pwoblèm yo.
Èske pwopriyetè mwen an kapab mete m deyò si m te fè yon demann èd lwaye ?
Si l ap mete w deyò paske w pa t peye lwaye a epi ou fè yon demann pou nenpòt kalite èd lwaye, tribinal la oblije estope pwosè w la jiskaske ajans èd lokasyon an swa apwouve swa refize demann ou an. Tribinal la pa kapab mande yon degèpisman pandan ke pwosè w la sou pòz.
Pou èd ak lokasyon, rele 2-1-1 oswa chache ajans lòjman an nan kominote pa w la nan www.masshousinginfo.org.
Kisa sa vle di si pwopriyetè mwen an ap ofri pou l peye kòb lwaye m dwe a nan kad yon pwogram ki rele SHERA ?
Si w ap viv nan kay leta oswa yon kay sibvansyone epi w dwe kòb lwaye, gen dwa yon gen èd ki disponib pou w. Pwopriyetè ou a kapab aplike pou èd lokatif atravè yon pwogram ki rele SHERA (Èd Lokasyon Dijans pou Kay Sibvansyone). Fòk ou bay pwopriyetè ou a pèmisyon anvan li gen dwa soumèt yon demann. Apre sa a, leta a pral bay pwopriyetè ou a èd lokatif la dirèkteman.
Si SHERA peye kòb lwaye ou dwe a bay pwopriyetè ou a, ou pral gen pwoteksyon kont tout degèpisman pou rezon yon kòb lwaye ki pa peye pandan 6 mwa apre dat dènye vèsman SHERA a. Imigran yo kapab aplike, epi yo pa bezwen gen yon nimewo sekirite sosyal.
Mete pwopriyetè ou a okouran de nenpòt chanjman ki rive fèt onivo revni ekonomik ou ant 1ye avril 2020 ak 31 mas 2021 anvan w bay yo pèmisyon pou fè yon demann nan SHERA, afenke pwopriyetè ou a kapab mande pou kantite èd lwaye ki korèk la.
Ki sa m ka fè si m gen yon odyans tribinal sou Zoom e m pa gen òdinatè oswa aksè ak entènèt?
Gen kote ou ka ale pou w itilize yon òdinatè gratis pou odyans tribinal. Anplis, gen aksè WiFi kote w ka itilize pwòp aparèy pa w pou w konekte ak Zoom.
Kisa m kapab fè si m rive nan yon pwosè tribinal k ap fèt sou Zoom epi m pa gen yon avoka ?
Anpil Tribinal Lòjman gen avoka gratis ak parajiridik ki kapab ede w. Ou kapab mande pou pale avèk yo nan yon al “ti reyinyon” sou Zoom tou anvan seyans rezolisyon konfli a, oswa nan nenpòt moman pandan pwosesis la.
Kisa m ka fè si y ap ban m presyon pou m siyen yon akò ?
Si pwopriyetè w la pwopoze pou w fè yon akò ak li andeyò tribinal la oswa nan yon medyasyon tribinal, chache èd jiridik. Ou pa oblije siyen anyen.
Pran yon konsèy jiridik anvan ou siyen nenpòt akò avèk mèt kay ou oswa avoka li a. Avoka yon pwopriyetè reprezante mèt kay la, pa ou menm.
Kisa m kapab fè si dosye degèpisman mwen an ap trete nan yon Tribinal Distri ?
Si pwosè w la nan yon Tribinal Distri, ou gen dwa transfere pwosè w la nan yon Tribinal Lòjman kote w ka jwenn plis èd ak pwosè w la.
Kisa m kapab fè si m resevwa yon avi ki di ke kòb lwaye mwen an pral monte ?
Si w ap viv nan yon kay prive ki pa sibvansyone, pwopriyetè w la gen dwa mande kantite kòb li vle pou lwaye a. Ou pa oblije aksepte ogmantasyon an. Si yo ba w yon avi ki di kòb lwaye a pral monte, eseye negosye yon ogmantasyon ki pa kreye twòp difikilte pou w. Ou kapab mete tèt ou ansanm ak lòt lokatè pou n ka negosye ansanm. Si w gen yon kontra afèmaj, yon pwopriyetè pa gen dwa monte kòb lwaye a pandan kontra afèmaj ou a anvigè.
Kikote m kapab aprann plis konsènan degèpisman nan Massachusetts ?
Pwosesis degèpisman an konplike. Li enpòtan pou konnen dwa w yo ansanm ak lwa yo.