Ki kalite èd m ka jwenn ?
Anplis èd jiridik, anpil sèvis ede peye kòb lwaye, ipotèk, sèvis minisipal ak manje.
Èske w bezwen èd pou peye lwaye w oswa ipotèk ou ?
- Èd leta a : Gen plizyè pwogram èd lwaye nan eta a ki ka ede lokatè yo ak pwopriyetè yo peye lwaye oswa ipotèk yo, ansanm ak fakti sèvis piblik yo owa depans demenajman yo.
- Pwopriyetè ak lokatè ki elijib yo kapab resevwa jiska $10,000 pou fè peman ipotèk oswa lwaye ki pase deja ansanm ak sa ki pòko rive yo, avèk pwogram RAFT (Èd rezidansyèl pou fanmi nan peryòd tranzisyon) ak ERMA (Èd ijans ak lwaye epi ipotèk) yo.
- Lokatè ki elijib yo kapab resevwa jiska 15 mwa èd pou peye lwaye a avèk yon nouvo pwogram federal ki rele ERAP (Èd lokasyon annijans). Lokatè yo kapab itilize jiska 12 mwa nan kòb sa pou peye lwaye pou mwa ki pase deja, epi yo ka itilize 3 mwa alafwa pou fè peman fiti yo.
- Pou fè yon demann pou w benefisye de nenpòt nan pwogram sa yo, chèche ajans ki bò lakay ou oubyen rele nan 800-224-5124.
- Pwopriyetè ak lokatè ki elijib yo kapab resevwa jiska $10,000 pou fè peman ipotèk oswa lwaye ki pase deja ansanm ak sa ki pòko rive yo, avèk pwogram RAFT (Èd rezidansyèl pou fanmi nan peryòd tranzisyon) ak ERMA (Èd ijans ak lwaye epi ipotèk) yo.
- Èd lokal: Kontakte pwogram aksyon kominotè ki nan zòn ou a oswa Direksyon Lòjman ki nan zòn ou a pou mande si gen pwogram èd pou lokasyon ak ipotèk.. Ou kapab verifye Baz donè pwogram èd lokasyon dijans lan tou pou w jwenn enfòmasyon konsènan lòt resous lokal nan men ajans lòjman rejyonal ou a.
- Lokatè: Akòzde pandemi COVID la, kèk pwopriyetè ak konpayi ki jere apatman gen dwa gen volonte pou ba w yon tan pou jwenn lajan pou peye lwaye a epi negosye yon plan peman. Kontakte pwopriyetè w oswa konpayi jesyon an pi vit ke posib. Ou sèlman dwe aksepte yon plan peman si w konprann li epi w konnen w ap ka peye alè. Mande yon kòpi tout bagay alekri.
- Pwopriyetè: Si w enkyete ke w p ap ka fè peman ipotèk ou yo, kontakte prestatè ipotèk ou a, ki se konpayi kote w voye peman mansyèl ou yo. Gade atestasyon ipotèk mansyèl ou a pou jwenn nimewo telefòn ak adrès prestatè ipotèk ou a. Li enpòtan pou kontakte yo pi vit ke posib. Si w rate yon peman, ou gen dwa gen fre pou w peye epi sa ka anpire sityasyon kredi w la pandan plizyè ane.
Èske w bezwen èd pou peye sèvis minispal ou yo ?
Moratwa sou peman bil sèvis piblik yo ki te anvigè nan leta Massachusetts poutèt COVID-19 la te ekspire nan dat 1ye jiye 2021 an. Konpayi sèvis piblik yo gen dwa koupe sèvis sa yo kounyeya pou kliyan ki pa peye bil yo, sòf si gen yon sikonstans espesyal ki anplas pou pwoteje kliyan an. Pwoteksyon espesyal sa yo fèt pou moun ki gen yon maladi ki grav epi pou ti bebe ak ti granmoun tou. Kontakte konpayi prestatè sèvis piblik ou a oswa sèvis minisipal la dirèkteman pou w kapab fè yon demann pou w jwenn yon pwoteksyon espesyal konsa.
Gen èd ki disponib pou peye bil sèvis piblik yo, gaz, telefòn ak entènèt. Aprann plis sou sa isit.
Kòman sèvis rezolisyon konfli a ka ede ?
Medyatè ki fòme pou sa kapab ede lokatè yo ak pwopriyetè yo rezoud konfli ki ta genyen antre yo. Lè toulede pati yo konprann ki opsyon yo genyen, sèvis rezolisyon konfli a kapab ede w rive jwenn yon akò ki pèmèt ou kontinye rete nan kay la kòm lokatè. Inisyativ Divèsyon Degèpisman Gouvènè Baker a ofri yon sèvis rezolisyon konfli gratis pou tout degèpisman ki gen rapò ak sityasyon COVID la. Jwenn yon pwogram rezolisyon konfli nan zòn pa w la.
Èske w bezwen èd ak yon kriz ?
Si ou menm oubyen yon moun ke w konnen ap fè fas ak yon kriz de sante konpòtmantal, gen èd ki disponib. Pwogram Sèvis Dijans yo ofri èd pou jere kriz sa yo 24 sou 24, chak jou nan ane a. Yon manm ekip la kapab rankontre w nenpòt kote w ye – lakay ou, nan yon lopital, oswa nan yon lòt lokal nan kominote a. Gen kèk ekip ki gen klinik ou ka vizite san randevou tou. Sèvis yo gratis si w gen MassHealth (Medicaid), Medicare, oubyen si w pa gen okenn asirans sante. Kèk moun ki gen asirans sante gen dwa kapab resevwa sèvis sa yo tou.
Pa afwonte yon kriz tou sèl. Rele Pwogram Sèvis Dijans yo nan 1-877-382-1609 oubyen rele pwogram lokal nan kominote w la.
Èske w bezwen kèk resous ann ijans ?
Rele 2-1-1. .
Si w gen bezwen kay, manje owa lòt bezwen ann ijans, rele 2-1-1 pou jwenn resous nan zòn pa w la. 2-1-1 disponib 24 sou 24. Si yo mete w sou liy datant, ou kapab rete sou liy datant lan oswa w kapab kite yon mesaj. Y ap tounen apèl ou nan mwens ke 24èdtan.
Èske w bezwen èd ak manje ?
Pwogram Ministè Èd Tanporè Massachusetts (DTA) SNAP la se yon kòb ou resevwa chak mwa ki pou ede w achte manje. Pandan pandemi an, tout fanmi ki resevwa SNAP ap benefisye de montan maksimòm nan pa rapò ak kantite moun yo genyen lakay yo a. Apati 1ye janvye 2021, yon fanmi ki gen 3 moun gen dwa resevwa jiska $615 ! Aprann plis epi fè yon demann sou DTAConnect.com. Ou kapab fè demann nan sou telefòn tou. Rele Liy Asistans DTA a nan 877-382-2363. Pou jwenn èd pou achte manje ann ijans, kontakte Liy Dirèk Project Bread FoodSource nan 800-645-8333.
Èske w bezwen èd pou jwenn lajan nan pòch ?
Fanmi ki gen timoun epi kèk fanm ansent ki gen yon revni ekonomik ki vreman ba oswa ki pa gen revni ditou gen dwa kalifye pou resevwa yon èd pou jwenn lajan nan pòch nan men pwogram TAFDC Massachusetts la. Granmoun ki gen 65an oubyen plis ke sa, oswa moun ki gen andikap ki gen yon revni ekonomik ki vreman ba oswa ki pa gen ni revni ni lajan ditou, gen dwa kalifye pou resevwa yon èd pou jwenn lajan nan pòch nan men pwogram EAEDC a. Pou jwenn plis enfòmasyon epi pou fè yon demann, konsilte sit wèb DTAConnect.com oswa rele biwo DTA ki nan zòn pa w la.
Gouvènman Federal la ap bay plis lajan grasa Peman Estimilis (“Peman Enpak Ekonomik”) ak kredi fiskal. Ou kapab enskri pou jwenn lajan sa a grasa yon “deklarasyon taks” (tax return) pou lane 2020. Pou jwenn lajan sa a, ou kapab gen revni ki fèb oswa pa gen okenn revni ditou. Lajan sa a se pa sèlman pou moun ki dwe ranpli deklarasyon taks yo poutèt kantite lajan yo touche.
Ou ta dwe enskri si ou:
- Pa t resevwa peman estimilis yo pou oumenm epi/oswa pou depandan ou yo
- Ou pa gen okenn revni oswa revni ou tou piti
- Ou poko janm aplike pou taks/ ou pa t aplike nan ane ki sot pase yo, oubyen
- Ou gen yon timoun ki gendwa pa nan dosye IRS yo.
Si ou touche $57,000 chak ane oswa mwens, ou kapab jwenn èd gratis pou enskri. Jwenn plis enfòmasyon: findyourfunds.org.
Èske w se yon veteran ?
Veteran ak depandan ki elijib yo gen dwa kalifye pou yo resevwa èd pou jwenn lajan nan pòch. Ministè Sèvis pou Veteran nan Massachusetts la (DVS) jere Pwogram Avantaj Chapit 115 la. Pwogram sa a bay lajan pou manje, kay, rad ak swen sante pou veteran ak depandan veteran ki gen revni ekonomik ki vreman ba. Itilize Kalkilatris Avantaj Mass Vet la pou wè si w kalifye epi itilize paj Avantaj pou Veteran yo nan sit wèb MassLegalHelp pou aprann plis.