Itilize enfòmasyon jiridik sa a pou pran aksyon epi pou jwenn resous pou pwoteje lòjman w lan.
Ou se yon pwopriyetè-okipan si w ap viv lakay ou epi w afèmen yon pati nan kay la bay lokatè.
Kisa m kapab fè si m gen pwoblèm pou m peye ipotèk mwen an poutèt pandemi COVID-19 la ?
Ou gen dwa kalifye pou w resevwa èd pou peye ipotèk ou a. Atravè pwogram RAFT ak ERMA eta a, ou gen dwa elijib pou w jwenn jiska $10,000 pou fè peman ipotèk. Ou kapab itilize lajan sa a pou fè peman ipotèk ki deja pase oswa peman fiti yo.
Kisa m kapab fè pou m evite yo sezi kay la ?
Si w panse w p ap ka rive peye ipotèk ou a chak mwa, kontakte prestatè ipotèk ou a san pèdi tan. Prestatè ipotèk la se konpayi kote w voye peman mansyèl ou a. Nimewo telefòn yo a ak adrès postal yo a ta dwe afiche sou deklarasyon ipotèk mansyèl ou a. Yo gen dwa dakò pou desann peman mansyèl ou a pou w ka peye l pi fasil. Tout tan w pale avèk yo pi bonè, ou gen plis chans pou jwenn yon solisyon. Si w rate yon peman, ou gen dwa oblije peye yon fre reta oswa yon lòt fre.
Kisa m kapab fè si m nan diskisyon ak yon lokatè ?
Si w nan diskisyon ak yon lokatè, ou kapab eseye sèvis rezolisyon konfli, yon èd jiridik, oswa toulede. Sèvis rezolisyon konfli kapab ede w twouve yon akò ak lokatè w la anvan w ale nan tribinal la. Gen kèk òganizasyon lokal ki ofri yon sèvis rezolisyon konfli ki gratis. Ou gen dwa elijib pou jwenn èd jiridik gratis tou pou ede w evite al nan tribinal oswa pou ede w ak pwosesidegèpisman an.
Kisa m kapab fè si lokatè m nan pèdi travay yo a epi yo pa ka peye lwaye yo a ?
Si w gen mwens pase 20 apatman, ou kapab aplike pou èd lokasyon pou lokatè w yo atravè pwogram RAFT oswa ERMA yo. Ou bezwen travay ansanm ak lokatè w yo anvan w aplike.